5 Erè ki Ka Touye Vizibilite Biznis ou sou Entènèt an Ayiti (E kòman pou w korije yo)
- Jean DORVIL
- 18 juin
- 4 min de lecture

Ou gen yon bon pwodwi. Ou ofri yon sèvis eksepsyonèl. Kliyan ki deja konnen w' yo renmen w'. Men, pou yon rezon ou pa konprann, paj Rezo Sosyo ou yo pa dekole, ou pa resevwa nouvo apèl, e ou gen enpresyon w'ap pale poukont ou.
Sa fristran, pa vre ?
Souvan, pwoblèm nan se pa kalite travay ou. Pwoblèm nan se youn ou plizyè nan 5 erè sa yo. Sw "Bagay k'ap touye biznis ou an silans" ki anpeche biznis ou jwenn vizibilite li merite a.
Ann gade yo ansan m', epi ann wè kòman Dorvil Tech ka ede w' korije yo touswit.
Erè #1: Ou itilize pwofil pèsonèl ou kòm paj biznis ou.
Nou wè sa chak jou. Olye pou w' kreye yon "Paj" Facebook, ou ajoute kliyan ou yo kòm "Zanmi" sou pwofil pa w la.
Poukisa se yon erè grav ? Ou limite a 5000 zanmi, ou pa gen aksè ak okenn estatistik pou w wè sa k ap mache, e surtout, ou pa ka fè piblisite. Ou melanje lavi pèsonèl ou ak biznis ou, sa ki pa pwofesyonèl ditou.
Koreksyon an (10 minit) : Kreye yon Paj Facebook ofisyèl. Li gratis e li ba w tout zouti yon vrè biznis bezwen. Envite tout "zanmi" ou yo pou yo vin "renmen" nouvo paj ou a.
Erè #2: Ou pa gen yon adrès fiks pou biznis ou sou entènèt.
Yon jou ou sou Instagram, yon lòt jou ou sou WhatsApp sèlman. Ou pa gen yon kote santral, yon "katye jeneral" dijital. Kliyan yo pa konnen ki kote pou yo jwenn enfòmasyon ofisyèl la.
Poukisa se yon erè grav ? Sa kreye konfizyon ak mefyans. Si yon kliyan pa ka jwenn pri w' ou nimewo telefòn ou fasil, li ao abandone epi l'al jwenn konkiran w' lan.
Koreksyon an (Solitisyon Pwogresif) :
Nivo 1: Fè paj Facebook ou a vin "katye jeneral" ou. Mete tout enfòmasyon yo klè : nimewo WhatsApp, imèl, orè.
Nivo 2 (Pou w vin vrèman Pwofesyonèl): Envesti nan yon sitwèb vitrin. Se adrès pa w, ki pa pou Mark Zuckerberg. Se la ou vrèman mèt kay.
Erè #3: Foto ou yo fè pwodwi w yo parèt "cheap".
Ou vann yon bèl pwodwi atizanal, men ou poste yon foto flou, ki fèt nan yon kwen ki fè nwa.
Poukisa se yon erè grav ? Sou entènèt, moun "achte ak je yo" anvan tout bagay. Yon move foto ka fè yon pwodwi ki koute chè parèt san valè.
Koreksyon an (Pa bezwen yon gwo kamera):
Pran foto ou yo lajounen, toupre yon fenèt pou w jwenn bon limyè natirèl.
Netwaye lantiy kamera telefòn ou anvan w pran foto a.
Sèvi ak yon fon (background) ki senp epi ki pa gen twòp bagay (yon mi blan, yon bèl twal...).
Erè #4: Ou pale sèlman de "VANN, VANN, VANN".
Chak pòs ou se "Achte sa a, pri a se X". Ou pa janm bay konsèy, ou pa janm montre koulwa biznis ou, ou pa janm rakonte istwa w'.
Poukisa se yon erè grav ? Moun vin sou rezo sosyal yo pou yo konekte epi pou yo aprann, pa sèlman pou yo achte. Si ou sèlman ap vann, yo pral kòmanse inyore w'.
Koreksyon an (Règ 80/20): Pou chak 5 pòs ou fè, se yon sèl ki ta dwe yon apèl dirèk pou vann. Kat lòt yo ta dwe : yon konsèy, yon temwayaj kliyan, yon foto "behind the scenes", yon kesyon pou kominote w' la. Bay valè anvan w' mande pou w vann.
Erè #5: Ou "poste epi ou kouri".
Ou fè yon bèl pòs, men lè yon moun poze yon kesyon nan kòmantè yo, ou pran 2 jou pou w' reponn, si menm ou reponn.
Poukisa se yon erè grav ? Sa se pi move a. Se tankou yon kliyan ki antre nan magazen w, ki di w "Bonjou !", epi ou vire do ba li. Sa montre yon mank de sèvis kliyan total.
Koreksyon an (Aktive Notifikasyon w yo): Pran angajman pou w' reponn tout kòmantè ak mesaj nan kèk èdtan maksimòm. Yon repons rapid montre ke w' la, ke w' pwofesyonèl, e ke w' respekte kliyan w' yo.
Yon ti chanjman ka pote yon gwo rezilta.
Pa dekouraje si w' rekonèt tèt ou nan youn ou plizyè nan erè sa yo. Okontrè, se yon bon nouvèl ! Sa vle di ou gen yon gwo maj pwogresyon.
Korije menm 2 nan erè sa yo semèn sa a, ka deja kòmanse fè yon gwo diferans sou vizibilite w' ak sou kantite mesaj ou resevwa.
Pa kite erè sa yo fè w' pèdi kliyan chak jou. Gen solisyon senp, gratis oswa abòdab, pou mete biznis ou sou kat la – dijitalman.
Dorvil Tech la pou akonpaye w': Kreye paj ou, Ajoute bouton WhatsApp, Fè w' parèt sou Google, Mete sistèm pou kontni otomatik, Kreye sit entènèt pou biznis ou Ak plis ankò…
Kontakte nou sou WhatsApp: +509 3361-9454 epi info@dorviltech.com pou yon dyagnostik gratis de prezans dijital ou.
Dorvil Jean-Ronel, 18 Juin 2025
Comments