top of page

An n' Dekouvri ChatGPT : Yon zouti entèlijan ki konprann langaj moun

  • Photo du rédacteur: Jean DORVIL
    Jean DORVIL
  • 23 avr.
  • 3 min de lecture

Dernière mise à jour : 15 juin


Kisa ChatGPT a ye ?

ChatGPT se yon entèlijans atifisyèl (sa vle di yon robo entèlijan) ke yon konpayi ki rele OpenAI kreye. Se tankou yon zanmi oswa yon asistan ou ka pale avè l' sou telefòn ou oswa sou òdinatè. Ou ka poze l' nenpòt kesyon, epi li ap reponn ou tankou se yon moun.
Li pale plizyè lang, tankou kreyòl, fransè, anglè, elatriye. Se tankou ou gen yon moun entelijan ki toujou la pou ede w', nenpòt lè, lajounen kou lannwit.

Ki sa ou ka fè ak ChatGPT ?
ChatGPT ka ede w' nan anpil bagay. Men kèk egzanp :
🔹 Ede ak devwa lekòl : Ou pa konprann yon leson ? Ou ka mande ChatGPT pou esplike w' li.
🔹 Aprann lang : Ou vle aprann pale anglè oswa amelyore fransè w'? ChatGPT ka pratike avè w.
🔹 Ekri tèks : Ou bezwen ekri yon lèt, yon powèm, yon CV oswa yon redaksyon ? Li ka ede w' fè sa.
🔹 Jwenn ide : Ou gen yon pwojè oswa ou vle òganize yon aktivite ? Li ka ba w' ide.
🔹 Aprann pwograme : Ou vle aprann fè kòd sou òdinatè ? Li ka moutre ou ak egzanp senp.

Kijan ChatGPT mache ?
ChatGPT aprann pale ak reponn paske l' li milya tèks sou entènèt (liv, atik, konvèsasyon, elatriye). Konsa, li aprann kijan moun pale ak ekri.
Lè ou poze l' yon kesyon, li analize tèks ou pawòl ou a, epi li reponn ou ak tout sa li aprann. Se pa maji, se teknoloji avanse !

Eske ChatGPT toujou gen rezon ?
Non. Menm si li entèlijan anpil, li ka fè erè tou. Li pa konprann tout bagay jan yon moun konprann, epi li pa gen santiman.
Fòk ou toujou tcheke enfòmasyon li bay, espesyalman sou sijè enpòtan tankou lasante oswa lalwa.
Se yon zouti ki bon, men ou dwe sèvi avè l' ak sajès.

Poukisa li itil pou jèn tankou ou ?
Jodi a, tout bagay mache ak teknoloji. ChatGPT ka ede w':
  • Revize leson ou pi fasil
  • Aprann nouvo bagay chak jou
  • Devlope kapasite ou pou kreye (ekriti, mizik, pwojè, elatriye)
  • Jwenn enfòmasyon rapid
  • Pran plis konfyans nan tèt ou, paske li pa janm jije ou

Kèk egzanp kijan ou ka sèvi avè l, me kijan ou ka pale ak ChatGPT :
  • "Eksplike mwen Revolisyon fransè a fasil pou mwen konprann."
  • "Ede mwen ekri yon lèt pou pwofesè m' pou mwen di l' koman mwen apresye travay li yo."
  • "Ban mwen ide pou yon pwojè lekòl mwen."
  • "Kijan yo di bonjou an japonè ?"
  • "Fè m yon rezime ti tèks sa a."

Limit ChatGPT
Menm si li bon anpil, li gen limit:
  • Li pa ka ranplase yon pwofesè, yon doktè oswa yon paran.
  • Li pa konnen sa k'ap pase nan lavi w' si ou pa di li.
  • Li pa toujou konnen dènye nouvèl ki sot rive, sòf si li konekte sou entènèt.

ChatGPT, yon zouti pwisan pou itilize ak entèlijans, se tankou yon kaye entèlijan ou ka louvri nenpòt lè pou aprann, chèche enfòmasyon, oswa kreye. Se yon avantaj pou nou jèn, men li enpòtan pou nou sèvi avè l ak bon sans, konesans, ak louvri lespri. Avèk ChatGPT, ou ka devlope kapasite w', reve pi lwen, epi bati lavni w'. Pa pè poze kesyon, eseye, aprann, epi… imajine plis toujou !

Dorvil Jean-Ronel, 23 Avril 2025

留言

評等為 0(最高為 5 顆星)。
暫無評等

新增評等
  • LinkedIn
  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram

                               ©2025 par Dorvil Jean-Ronel 

bottom of page