Aprantisaj sou entènèt gratis : Aprann depi lakay ou san ou pa depanse …
- Jean DORVIL
- 24 avr.
- 3 min de lecture
Dernière mise à jour : 15 juin

Nan mond n’ap viv jounen jodi a, aprantisaj sou Entènèt vin tounen yon solisyon fasil, fleksib, e ekonomik pou aprann nouvo konpetans. Kit ou se etidyan, pwofesyonèl ki vle fè chanjman karyè, oswa ki jis kirye pou aprann, gen anpil platfòm ki ofri kou gratis. Aprantisaj sou Entènèt gratis se yon resous ki gen anpil valè pou tout moun k’ap chèche amelyore kapasite yo, eksplore nouvo domèn oswa avanse nan karyè yo.
Me 10 pami pi bon sit pou aprann sou Entènèt san peye.
1. Coursera
Coursera ofri kou gratis ki soti nan inivèsite pi popilè tankou Harvard, Stanford, ak konpayi tankou Google oswa IBM. Ou ka swiv kou yo gratis si ou chwazi opsyon "Auditer le cours", men sètifika yo ka koute ti kob.
Domèn : enfòmatik, biznis, finans,syans done, lang, elatriye.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : coursera.org
2. edX
edX se yon lòt gwo platfòm edikatif ke Harvard ak MIT fonde. Kou yo gratis, ou sèlman peye si ou vle sètifika. Gen menm kèk pwogram inivèsite konplè.
Domèn : syans, ekonomi, lasante, devlopman dirab, elatriye.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : edx.org
3. Khan Academy
Khan Academy se yon bon opsyon pou timoun ak granmoun. Li ofri videyo edikatif gratis, èspesyalman sou matematik ak syans.
Domèn : matematik, fizik, ekonomi, enfòmatik.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : khanacademy.org
4. OpenClassrooms
Platfòm sa a bay kou gratis an fransè sou anpil sijè teknik ak pwofesyonèl. Gen kèk pwogram diploman (pou peye), men ou ka aprann anpil san depanse.
Domèn : devlopman entènèt, maketing dijital, jesyon pwojè, enfomatik elatriye.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : openclassrooms.com
5. Udemy (gen kèk kou gratis)
Majorite kou sou Udemy yo se pou vann paske se yonn nan platfom ki plis popile e ki genyen plis varyete nan kou ki pwopoze yo, men w’ap jwenn anpil kou gratis tou. Ou ka itilize filtè rechèch pou jwenn yo. Men si w’ deside depanse ti kob w’ap jwenn anpil kou ki ka ede w’ reyalize rev ou ki ka koute 10 dola ameriken konsa.
Domèn : devlopman pèsonèl, konsepsyon, lojisyèl biwo, pwogramasyon,enfomatik elatriye.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : udemy.com
6. Alison
Alison se yon sit ki ofri kou ak sètifika gratis. Li trè itil pou moun ki vle aprann konpetans pwofesyonèl.
Domèn : lasante, teknoloji, anglè, biznis.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : alison.com
7. FutureLearn
FutureLearn se yon platfòm Britanik ki gen kou ki soti nan inivèsite Ewopeyen. Kou yo byen òganize e trè entèaktif.
Domèn : sosyete, kilti, lasante, edikasyon, biznis.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : futurelearn.com
8. YouTube
YouTube se yon bèl sous aprantisaj ke nou te ka menm di se yonn nan pi gwo inivesite lib aksè ki genyen nan mond la depi ou ka aprann pou ko w’. Gen anpil ekspè ki mete leson gratis sou tout kalite sijè.
Domèn : desen grafik, videyo, kwizin, pwogramasyon, lang.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : youtube.com
9. Codecademy (vèsyon gratis)
Si ou vle aprann kode, Codecademy se yon bon chwa. Gen yon vèsyon gratis ki bay aksè ak anpil kou.
Domèn : HTML, CSS, JavaScript, Python, SQL, elatriye.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : codecademy.com
10. MIT OpenCourseWare
MIT se youn nan pi gwo inivèsite nan mond lan. Yo mete tout kou yo disponib gratis sou Entènèt. Si w ap chèche kontni akademik solid, se youn nan meyè chwa.
Domèn : jeni, enfòmatik, fizik, ekonomi.
Klike sou lyen sa si w’ vle aksede ak sit la kile la : ocw.mit.edu
Aprantisaj sou Entènèt gratis demokratize edikasyon, li ofri tout moun posiblite pou yo aprann nouvo sa yo vle epi elaji konesans yo san baryè finansye. 10 sit entènèt ki prezante pi wo a se sèlman yon pwen depa pou eksplore vas mond aprantisaj sou Entènèt gratis la. Kit ou vle avanse nan karyè ou oswa tou senpleman satisfè kiryozite entelektyèl ou, platfòm sa yo ofri yon pakèt posiblite pou aprann a pwòp vitès ou ak selon orè w’. Donk, pa ezite ankò, kòmanse epi dekouvri anpil opòtinite aprantisaj k’ap tann ou sou Entènèt la gratis!
Dorvil Jean-Ronel, 24 avril 2025
Коментарі