top of page

Fini ak Kaye Papye a ! Jere Kach Biznis ou tankou yon Pwofesyonèl ak Excel

  • Photo du rédacteur: Jean DORVIL
    Jean DORVIL
  • 17 juin
  • 2 min de lecture

Si ou se yon antreprenè oswa ou jere yon ti biznis an Ayiti, ou konnen jan li fasil pou itilize yon kaye papye pou ekri kòb ou antre ak sòti chak jou. Men... èske ou panse jan sa ka mete w an danje?

Kaye papye a, menm si li senp, gen anpil limit:

  • Li fasil pou fè erè (chif mal mete, enfòmasyon ki manke…).

  • Ou pa ka suiv evolisyon biznis ou fasilman.

  • Epi li pa bay okenn imaj pwofesyonèl si ou bezwen prè oswa patnè.

Bon nouvèl la? Gen yon solisyon ki deja sou òdinatè w la (oswa gratis sou Google Sheet). Li rele Microsoft Excel.

Kisa n'ap montre w jodi a?

Dorvil Tech pral montre w kijan pou w kreye yon modèl senp, efikas ak pwofesyonèl pou jere lajan kach ou chak jou. Ou p’ap bezwen konn Excel anpil. Se jis yon zouti ki mache.

Etap 1 – Kreye Tablo W la

Louvri Excel epi mete 5 kolòn sa yo:

  • Dat

  • Deskripsyon

  • Antre (+)

  • Sòti (-)

  • Balans (kalkile otomatikman)

Se ak sa ou kapab swiv chak tranzaksyon, soti nan vant mayo jiska depans lwaye.

Etap 2 – Mete Fòmil Balans lan

Nan premye liy “Balans” lan (anfas premye tranzaksyon), mete kantite kòb ou te gen.Nan liy ki anba li, mete fòmil sa a: =E2+C3-D3

Sa vle di: pran balans dènye jou a, ajoute sa ou fè jodi a, epi retire sa ou depanse.

Apre sa? Jis trennen fòmil la pou l aplike sou rès liy yo otomatikman!

Etap 3 – Kreye Onglet pa Mwa

  • Chanje non fèy la pou "Jiyè 2025"

  • Kopye li pou fè "Out", "Septanm", elatriye.

  • Chak mwa ou gen yon paj separe. Biznis ou vin klè, òganize, pwofesyonèl.


Ou Pare!

Avèk zouti sa a, ou kapab:

  • Konnen egzakteman konbyen ou fè ak depanse

  • Fè analiz pa mwa

  • Pran bon desizyon sou lavni biznis ou

📥 Telechaje Modèl la GRATIS

👉 Telechaje fichye Excel la

👉 Gid itilizasyon PDF – etap pa etap

📞 Ou Bezwen plis?

Dorvil Tech ofri fòmasyon, asistans pèsonalize ak kreyasyon zouti jesyon sou mezi pou tout kalite biznis.WhatsApp nou sou : +509 3361-9454

Swiv nou sou Facebook : Dorvil Tech

Fè teknoloji travay pou ou. Soti nan kaye a, antre nan yon nouvo etap avèk Dorvil Tech!


Dorvil Jean-Ronel, 17 Juin 2025

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
  • LinkedIn
  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram

                               ©2025 par Dorvil Jean-Ronel 

bottom of page