Kat Kredi vs Kat Debi: Kisa Yo Ye Egzakteman?
- Jean DORVIL
- 21 avr.
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 15 juin

Jèn Ayisyen mwen yo! Anpil nan nou toujou ap mande tèt nou ki diferans ki genyen ant yon kat kredi ak yon kat debi? Ann al li yon eksplikasyon fasil epi konkrè.
Kat Debi a: Se lajan pa ou direkteman ki aksesib sou kont oy
Imajine kont labank ou tankou yon kòf plen ak pwòp lajan nou. Kat debi ou an, se tankou kle kòf sa a.
Kijan sa mache? Lè w’ap peye ak kat debi ou an, lajan an retire imedyatman nan kont labank ou an. Se tankou si w’ap peye kach, men sou fòm elektwonik.
Avantaj yo:
Kontwòl fasil: Ou kapab depanse sèlman lajan ou genyen reyèlman nan kont ou an. Pa gen move sipriz nan fen mwa a!
Pa gen dèt: Piske n’ap itilize pwòp lajan nou, nou pa akimile dèt.
Fasil pou jwenn: Anjeneral, si nou gen yon kont labank, nou kapab gen yon kat debi.
Dezavantaj yo:
Limit nan depans: Si kont ou an vid, ou pa kapab peye.
Mwens pwoteksyon pafwa: Si gen fwod, rekipere lajan an kapab pi konplike ke yon kat kredi.
Kat Kredi a: Se yon prè pou yon yi bout tan
Kounye a, imajine ou bezwen achte yon bagay, men kòf ou an (kont ou an) pa fin plen nèt. Kat kredi a, se tankou si labank ap avanse ou lajan pou ou fè acha sa a.
Kijan sa mache? Lè w’ap peye ak kat kredi ou an, ou pa itilize lajan ki nan kont ou an dirèkteman. Labank prete ou yon sèten sòm lajan (limit kredi yo ba ou a). Apre sa, ou dwe ranbouse lajan sa a bay labank, anjeneral nan fen mwa a, men ou pamoblije ranbouse tout yon sel kou.
Avantaj yo:
Pouvwa acha pi gwo: Ou kapab fè acha menm si ou pa gen lajan an disponib imedyatman.
Konstriksyon kredi: Si ou ranbouse depans ou yo alè, sa kapab amelyore "nòt kredi w’", sa ki kapab itil pou jwenn prè pi gwo (tankou pou yon machin oswa yon kay) nan lavni men sa pa vre pou Ayiti.
Plis pwoteksyon lè gen fwod: Kat kredi yo ofri souvan pi bon pwoteksyon kont fwod.
Rekonpans ak avantaj: Gen kèk kat ki ofri pwen, rabè lajan oswa lòt avantaj.
Dezavantaj yo:
Risk pou fè dèt: Si ou pa ranbouse depans ou yo alè, labank ap fè w’ peye enterè, sa ki kapab fè acha ou yo koute pi chè.
Fè potansyèl: Kapab gen frè anyèl, frè pou reta nan pèman, elatriye.
Mande bon jesyon finansye: Li enpòtan anpil pou byen swiv depans ou yo epi ranbouse alè pou evite pwoblèm.
An rezime:
Kat debi: Pwòp lajan ou, bank lan retire lajan an imedyatman. Kontwòl epi pa gen dèt.
Kat kredi: Lajan labank prete w’, pou ou ranbouse pita. Plis fleksibilite men risk pou fè dèt si nou pa jere l byen.
Konsèy mwen pou ou : Tou de kat yo itil, men ou dwe itilize yo avèk entèlijans. Kat debi a ideyal pou depans ou yo chak jou epi pou evite fè dèt. Kat kredi a kapab pratik pou acha pi gwo oswa lè gen ijans, men li esansyèl pou jere l’ avèk responsablite epi ranbouse balans ou yo alè pou evite depans anplis.
Not : Pa ezite si nou gen lòt kesyon! Mwen la pou ede nou navige nan mond finans marye ak teknoloji a.
Dorvil Jean-Ronel, 21 Avril 2025
Comments