top of page

Kisa Dropshipping nan ye,e kijan jèn k'ap viv Ayiti kapab fè kob avè l'

  • Photo du rédacteur: Jean DORVIL
    Jean DORVIL
  • 1 mai
  • 2 min de lecture

Dernière mise à jour : 15 juin


Nan yon mond ki vin pi konekte chak jou, antreprenarya sou entènèt tounen yon veritab opòtinite pou jèn ki vle gen pwòp sous revni pa yo, menm si yo pa gen gwo mwayen. Youn nan modèl biznis ki pi fasil pou kòmanse se dropshipping, yon metòd komès elektwonik ki vin pi popilè chak jou, e ki ka trè itil pou jèn k'ap viv Ayiti.

Kisa dropshipping ye ?

Dropshipping se yon fason ou ka vann pwodwi sou entènèt san ou pa bezwen achte oswa estoke okenn machandiz. Men kijan sa mache :

  1. Kliyan an achte yon pwodwi sou sit entènèt ou.

  2. Ou voye lòd la bay founisè a (souvan founisè sa yo twouve yo : Lachin, Ozetazini, elatriye).

  3. Founisè a voye pwodwi a bay kliyan an dirèkteman, sou non ou.

Ou sanse jwe wòl entèmedyè ant founisè a ak kliyan an, san ou pa janm manyen pwodwi a.

Ki avantaj dropshipping genyen ?

1. Ou pa bezwen kòmanse ak anpil lajan

Pi gwo avantaj dropshipping se paske li pa mande gwo envestisman pou kòmanse. Ou pa bezwen achte stock, lwe magazen, oswa anboche moun.

2. Se yon biznis ki 100 % sou entènèt

Tout bagay ka fèt sou òdinatè oswa telefòn ou : kreye sit, jere kòmand, reponn kliyan, elatriye. Sa pèmèt nenpòt jèn an Ayiti vann atravè mond lan, san li pa kite lakay li.

3. Fèb risk finansye

Si yon pwodwi pa vann, ou pa pèdi lajan paske ou pa achte li davans. Ou ka teste plizyè pwodwi san risk.

4. Libète nan lè ak kote ou travay

Ou ka travay nenpòt lè, nenpòt kote. Sa itil anpil pou jèn ki ap etidye, travay, oswa ki vle antre nan biznis.

Poukisa dropshipping se yon bon opòtinite pou jèn ann Ayiti ?

1- Aksè ak entènèt ap ogmante

Avèk telefòn entèlijan ak aksè ak entènèt, anpil jèn Ayisyen kapab itilize platfòm tankou Shopify, WooCommerce, oswa menm Facebook Marketplace.

2- Se yon mache lokal ak entènasyonal

Menm si moun lokal pa gen anpil mwayen, ou ka toujou vann pwodwi bay kliyan Ozetazini, Kanada, Ewòp, elatriye.

3- Ou aprann konpetans dijital enpòtan

Dropshipping pèmèt ou aprann bagay tankou : maketing sou entènèt, jere sit e-commerce, sèvis kliyan, fè kontni, elatriye. Sa se ladrès ki trè itil jodi a.

Ki etap pou kòmanse dropshipping ?

  1. Chwazi yon domèn (niche) ki gen potansyèl (tankou bijou, akseswa telefòn, rad fanm, elatriye)

  2. Kreye yon sit entènèt (Shopify, WooCommerce, elatriye)

  3. Jwenn bon founisè (sou platfòm tankou AliExpress, CJ Dropshipping, Zendrop, elatriye)

  4. Fè bon maketing (sou Facebook, TikTok, Instagram…)

  5. Swiv kliyan ou yo epi bay bon sèvis

Defi ou dwe konnen

  • Livrezon yo ka pran tan, espesyalman sila yo k'ap soti nan peyi lwen tankou Lachin.

  • Kalite pwodwi a konn varye, se pou sa ou dwe chwazi bon founisè.

  • Ou dwe konnen maketing, paske si moun pa wè pwodwi ou, ou pap vann anyen.

Konsey : Ou ka swiv yon fòmasyon sou e-commerce oswa chèche yon mentor pou ede w kòmanse pi byen.


Dropshipping pa yon metòd mirak pou vin rich nan 24 èdtan. Men si w' itilize li byen, li ka ofri w' yon chans pou reyisi sitou pou jèn ki motive, espesyalman ann Ayiti kote opòtinite ekonomik yo limite. Avèk disiplin, fòmasyon ak pasyans, dropshipping ka tounen yon sous revni ki estab, epi ede w' vin endepandan sou plan finansye.


Dorvil Jean-Ronel, 1er Mai 2025

 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
  • LinkedIn
  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram

                               ©2025 par Dorvil Jean-Ronel 

bottom of page